Leviticus 22:13
Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:43Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.
Leviticus 10:14Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.
Deuteronomy 24:2Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason,
Ezra 2:63Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.