Exodus 12:43
Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
44Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.
Cross References
Exodus 12:48Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.
Leviticus 22:13Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'.
Ephesians 2:12Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.