Leviticus 22:15
Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:43Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.
Leviticus 22:9Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.
Ezekiel 22:26Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.