Leviticus 22:2
-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di li:
Cross References
Exodus 13:12n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
Leviticus 15:31Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri.
Leviticus 19:12Piga nou pran non m' pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
Leviticus 21:6Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
Leviticus 22:32Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.
Numbers 18:32Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.