Leviticus 23:14
Piga nou pran nan grenn nou fèk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Seyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:4Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.
Exodus 34:26N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'.
Leviticus 10:11Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.
Leviticus 19:25Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 23:41Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Seyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit.
Numbers 15:20Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi.