Leviticus 10:11
Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 24:8Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa.
2 Chronicles 15:3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.
2 Chronicles 30:22Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.
Nehemiah 8:8Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.
Jeremiah 2:8Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m' ankò. Chèf yo trayi m'. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.
Malachi 2:7Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.