Leviticus 23:36
Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a.
Cross References
Numbers 29:12Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.
2 Chronicles 7:8Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.
Joel 1:14Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Seyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Seyè a.
John 7:37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.