Leviticus 25:20
Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
Cross References
Leviticus 25:4Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo.
Numbers 11:13Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje.
2 Kings 7:2Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!
Psalms 78:19Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?
Matthew 6:25Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
Luke 12:29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.