Leviticus 25:9
Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
8N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne.
Cross References
Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.
Leviticus 23:24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Leviticus 25:10N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.
Leviticus 27:24Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.
Numbers 36:4Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo.
Psalms 89:16(089:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.