Leviticus 23:24
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
25Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a.
Cross References
Leviticus 25:9Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
Numbers 29:1Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.
2 Chronicles 5:13Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
Nehemiah 8:2Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.
Psalms 98:6Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
1 Corinthians 15:52anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.