Leviticus 4:18
Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
17L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.
19Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.
Cross References
Exodus 30:10Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.
Leviticus 5:9L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.
Leviticus 9:9Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.