Leviticus 5:16
Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:3Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.
Leviticus 4:26Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 5:10Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.
Leviticus 6:4Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,
Leviticus 22:14Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la.
Leviticus 27:15Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san (020%) lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.