Leviticus 5:10
Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:20Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
Leviticus 4:31Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 5:6Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.
Leviticus 5:16Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.
Ephesians 5:2Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
1 John 2:2Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.