Leviticus 5:4
Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 27:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.
Numbers 30:8Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.
Joshua 9:15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.
Judges 11:31m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou.
Judges 21:18Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
1 Samuel 14:24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.