The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 6 › Leviticus 6:27

Leviticus 6:27

Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.

Bib La

In The King James Version

Whatsoever shall touch the flesh thereof shall be holy: and when there is sprinkled of the blood thereof upon any garment, thou shalt wash that whereon it was sprinkled in the holy place.

In Context

26Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.

28Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l', se pou yo grate l' byen grate epi lave l' nan gwo dlo.

Read all of Leviticus 6

Cross References

Exodus 29:37Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.

Leviticus 6:18Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa.

Haggai 2:12Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l' nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, èske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: -Non!

Matthew 14:36Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

2 Corinthians 7:11Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 6:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 6:26Leviticus 6Leviticus 6:28 →