Leviticus 7:1
Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
Likewise this is the law of the trespass offering: it is most holy.
In Context
Cross References
Leviticus 5:1Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.
Leviticus 5:8L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.
Leviticus 5:14Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Leviticus 6:25-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
Leviticus 19:21Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l' bay Seyè a pou peye pou sa l' fè a.
Numbers 6:12Nonm lan va refè ve li te fè pou l' viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.