Leviticus 5:1
Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:11lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay.
Leviticus 5:15-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Leviticus 7:18Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.
Leviticus 19:8Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fè a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pèp mwen an.
Numbers 9:13Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a.
1 Kings 8:31Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,