Leviticus 7:30
L'a pote l' ak men l' pou yo boule l' pou Seyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.
Cross References
Exodus 29:24W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann.
Leviticus 3:9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,
Leviticus 8:27Apre sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
Leviticus 9:21Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.
Numbers 6:20Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.