Leviticus 7:9
Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
Cross References
Leviticus 2:10Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.
Leviticus 6:16Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.
2 Kings 12:17Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm.
1 Corinthians 9:7Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
Galatians 6:6Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.