Leviticus 8:23
Moyiz touye l', li pran ti gout nan san belye a, li mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:20W'a touye l', w'a pran ti gout nan san li, w'a mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l' yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W'a pran rès san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la.
Leviticus 14:17L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
Leviticus 14:28Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.
Romans 6:19M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
1 Corinthians 1:2pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.
1 Corinthians 6:20Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.