Romans 6:19
M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
20Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen.
Cross References
Romans 3:5Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.)
Romans 6:16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
1 Corinthians 6:11Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
1 Corinthians 15:32Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.
Ephesians 2:2Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.