Leviticus 8:4
Moyiz fè sa Seyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a
Bib La
In The King James Version
In Context
3Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.
5Moyiz di moun yo: -Men sa Seyè a te ban mwen lòd fè a.
Cross References
Exodus 39:5Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Exodus 39:21Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Exodus 39:29Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Exodus 39:42Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Leviticus 8:13Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad yo sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mare mouchwa tèt sou tèt yo, dapre lòd Seyè a te ba li.
Leviticus 8:29Moyiz pran moso pwatrin lan, li balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.