Leviticus 8:3
Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.
Bib La
In The King James Version
And gather thou all the congregation together unto the door of the tabernacle of the congregation.
In Context
4Moyiz fè sa Seyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a
Cross References
Numbers 8:9Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble.
Numbers 21:16Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
2 Chronicles 5:6Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.
2 Chronicles 30:13Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.
Nehemiah 8:1Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.