Leviticus 9:15
Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo.
Cross References
Leviticus 4:27Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,
Leviticus 10:16Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:
2 Chronicles 29:24Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.
2 Corinthians 5:21Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
Hebrews 2:17Se konsa, li te fèt pou l' te vin tankou frè l' yo sou tout pwen, pou l' te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.