Leviticus 10:16
Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:19Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.
Leviticus 6:30Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.
Leviticus 9:15Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la.
Ezra 7:5Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la.
Mark 3:5Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
Ephesians 4:26Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.