Lik 1:65
Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
64Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.
Cross References
Joshua 10:40Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.
Luke 2:18Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a.
Acts 2:43Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.
Acts 5:11Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.
Revelation 11:11Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.