Lik 1:68
Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.
Bib La
In The King James Version
Blessed be the Lord God of Israel; for he hath visited and redeemed his people,
In Context
69Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti.
Cross References
Genesis 9:26Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
Exodus 3:16Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.
1 Kings 1:48Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.
1 Chronicles 29:20Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Psalms 111:9Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!