Lik 10:22
Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
John 3:35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
John 6:44Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
John 13:3Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
John 17:5Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
John 17:26Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.