Lik 11:24
Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
25Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje.
Cross References
Judges 6:37men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la.
Job 2:2Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.
Proverbs 4:16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Isaiah 35:7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Isaiah 57:20Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la.