Lik 11:29
Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.
Cross References
Isaiah 57:3Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.
Matthew 12:38Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
Matthew 23:34Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
Mark 8:38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Luke 11:16Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.
Luke 12:1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.