Isaiah 57:3
Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.
Bib La
In The King James Version
But draw near hither, ye sons of the sorceress, the seed of the adulterer and the whore.
In Context
2Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Isaiah 45:20Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!
Jeremiah 3:9Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.
Hosea 2:4Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès.
Joel 3:9Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n' al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!
Matthew 12:34Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.