Luke 11:51
wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 24:20Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!
Zechariah 1:1Nan uityèm mwa dizyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesaj sa a pou pèp la.
Hebrews 11:4Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l' pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l' la. Se paske li te gen konfyans sa a kifè Abèl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri.
1 John 3:12Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pa t' bon, men sa frè l' t'ap fè a te dwat devan Bondye.