2 Chronicles 24:20
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:25Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.
1 Samuel 13:13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
1 Chronicles 12:18Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.
2 Chronicles 12:5Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m' lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak.
2 Chronicles 20:14Lespri Seyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf.
2 Chronicles 25:16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.