Lik 12:58
Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.
Bib La
In The King James Version
In Context
57Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?
59M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.
Cross References
Genesis 32:3Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
Job 22:21Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!
Job 36:17Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.
Psalms 50:22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Proverbs 25:8Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?
Matthew 5:23Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: