Lik 13:14
Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye.
Cross References
Exodus 23:12N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.
Ezekiel 20:12Lèfini, mwen ba yo jou repo m' yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Seyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye.
Matthew 12:10Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo?
Mark 5:22Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li.
Luke 6:11Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.
Luke 14:3Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?