Mak 5:22
Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 9:18Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: Pitit fi mwen an fèk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.
Mark 5:35Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
Luke 5:8Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
Luke 8:41Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay.
Acts 10:25Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li.
Acts 18:8Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.