Lik 15:17
Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li.
Cross References
Psalms 73:20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
Jeremiah 31:19Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.
Ezekiel 18:28Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv.
Luke 15:18M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.
Acts 2:37Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?
Acts 26:11Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.