Lik 16:1
Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:2Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la.
1 Chronicles 28:1David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.
Hosea 2:8Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.
Matthew 25:14Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.
Luke 12:42Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
Luke 15:30Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a.