Lik 17:22
Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo.
Cross References
Matthew 9:15Jezi reponn yo: Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
Luke 5:35Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
John 7:33Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
John 12:35Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.
John 16:5Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale?
John 17:11Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.