Lik 18:12
Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.
Bib La
In The King James Version
I fast twice in the week, I give tithes of all that I possess.
In Context
Cross References
Leviticus 27:30N'a mete dis pou san (010%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
Numbers 23:4Epi Bondye vin jwenn li la. Balaram di l' konsa: -Mwen te fè bati sèt lotèl pou ou, epi mwen te touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou ou.
2 Kings 10:16Li di l' konsa: —Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a.
Isaiah 58:2Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
Malachi 3:8Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.
Matthew 6:5Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.