Malachi 3:8
Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'.
Cross References
Leviticus 19:25Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Numbers 18:21Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
Nehemiah 13:4Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija.
Psalms 29:2Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Proverbs 11:24Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
Malachi 1:8Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k'ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske la ba ou yon favè?