Luke 18:32
Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
Cross References
Isaiah 50:6Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Matthew 16:21Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Matthew 27:2Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
Mark 14:65Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
Mark 15:17Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li.