Matie 16:21
Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.
22Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.
Cross References
1 Chronicles 24:1Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
Matthew 16:28Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.
Matthew 17:22Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.
Matthew 20:28Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
Matthew 26:47Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.
Matthew 27:63Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.