Lik 19:12
Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 25:14Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.
Mark 12:1Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.
Mark 16:19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
Luke 20:9Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, li al fè lontan deyò.
John 18:37Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
Acts 17:31Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.