Mark 12:1
Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 78:68Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Isaiah 5:1Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m' ak jaden rezen l' lan. Zanmi m' lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
Jeremiah 2:21Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti.
Ezekiel 20:18Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.
Matthew 13:10Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo?