Lik 2:26
Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Amos 3:7Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.
John 1:41Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
John 8:51Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.