Lik 2:25
Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.
Cross References
Genesis 6:9Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.
Numbers 11:29Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!
Job 1:8Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.
Isaiah 40:1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Micah 6:8Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Luke 1:6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.