Lik 2:9
Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo.
10Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.
Cross References
Exodus 16:7Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
1 Kings 8:11Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
Isaiah 35:2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Matthew 1:20Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.