Isaiah 60:1
Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Bib La
In The King James Version
Arise, shine; for thy light is come, and the glory of the LORD is risen upon thee.
In Context
Cross References
Isaiah 9:2Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!
Isaiah 58:8Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.
Isaiah 62:1Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.
Ezekiel 43:4Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan.
Matthew 4:16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
Luke 1:78Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.