Luke 20:10
Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:8Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.
2 Kings 17:13Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.
2 Chronicles 16:10Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.
2 Chronicles 36:15Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.
Nehemiah 9:30Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.